current location : Lyricf.com
/
/
Trust In You [French [Haitian Creole] translation]
Trust In You [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-10-06 02:12:47
Trust In You [French [Haitian Creole] translation]

Abandone chak grenn rèv yo

Mwen lage yo chak nan pye w

Chak fwa m pa konn wout pou m fè

Pa janm chanje sa Ou wè

M te eseye wè si m ta ka gen batay la, m rekonèt

Men m twò lou, m bezwen repo ou

Pisan gèrye, Wa ki fò nan konba

Nenpòt sa m ap fè fas la, Ou toujou bò kote m

Lè Ou pa deplase montay m bezwen Ou deplase yo

Le Ou pa fann dlo m swete travèse yo

Lè Ou pa bay repons selon jan m priye Ou a

M ap kwè, m ap kwè, m ap kwè nan Ou

Wi se vre, Ou konnen sa demen ap pote (demen ap pote)

Pa gen yon jou k ap vini pou Ou pat gen tan wè l (Ou pat gen tan wè)

Kidonk, nan tout bagay, se pou Ou souf ak lavi m

M vle sa ou vle, Senyè, epi anyen ankò

Lè Ou pa deplase montay m bezwen Ou deplase yo

Lè Ou fann dlo m swete travèse yo

Lè Ou pa bay repons selon jan m priye Ou a

M ap kwè, m ap kwè, m ap kwè nan Ou

Ou se fòs ak konfò mwen

Ou se apwi pou men mwen

Ou se fondasyon solid mwen, gwo wòch kote m kanpe

Wout ou yo toujou pi wo

Plan Ou yo toujou bon

Pa gen yon kote m ale pou Ou pat gen tan kanpe la

Lè Ou pa deplase montay m bezwen Ou deplase yo

Lè Ou pa fann dlo m swete travèse yo

Lè Ou pa bay repons selon jan m priye

M ap kwè, m ap kwè, m ap kwè nan Ou

M ap kwè nan Ou

M ap kwè nan Ou

M ap kwè nan Ou

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by